MFA Citizens—Sitwayen MFA

Nouvo pwogram sa a pèmèt Mize a vin yon kote pou nouvo Ameriken yo rasanble, konekte youn ak lòt nan kominote yo, epi pou l kreye yon lyen ant kilti yo—sa k ap fè MFA vin yon pati nan eksperyans ameriken y ap viv la.

Apatide 1ye jiyè 2017, nouvo sitwayen ameriken yo k ap viv nan Massachusetts ka resevwa yon abònman gratis pou ennan pou fanmi an pou Museum of Fine Arts la, nan Boston.

Annik vini nan Mize a, montre yon kopi oswa yon foto sètifika natiralizasyon w la nan nenpòt gichè sou yon peryòd ennan apatide lè w prete sèman an, epi w ap resevwa yon abònman gratis nan Mize a pou ennan.

Abònman Sitwayen MFA yo gen ladan l:

  • Pakè byenveni espesyal an-pèsòn ak entwodiksyon nan Mize a
  • Admisyon gratis pou rantre nan Mize a pou ennan pou de granmoun ak nenpòt kantite timoun (laj 17 lane oswa pi piti)
  • Rabè pou manm yo sou pwogram, acha, estasyònman, ak manje
  • Bilten enfòmasyon sou papye ak pa imèl ki bay enfòmasyon sou pwogram MFA ki pral fèt yo
  • Envitasyon nan evènman pou manm yo

Vinn jwenn nou epi selebre nouvo sitwayènte ameriken w lan nan Mize w la! Ou kapab kontakte nou pou plis enfòmasyon, ak direktiv sou kijan pou rive nan Mize a. Rele nan 617-267-9300 pou enfòmasyon sou Museum of Fine Arts la, nan Boston. Ale sou Entènèt la nan Kesyon Moun Poze Souvan sou Abònman pou jwenn plis enfòmasyon sou avantaj ak rabè pou Manm MFA yo.